Kiyès Nou Ye

Rasin Devlopman se yon òganizasyon ayisyen.

Misyon nou se ranfòse kapasite lidè lokal yo sou zile La Gonâve pou yo pi byen ekipe pou jere pwòp devlopman yo ak amelyore kalite lavi sou zile a.

Nou ap fè La Gonâve tounen yon sant pwojè devlopman kominote. Nou ap ede lidè li yo fè zile a tounen yon egzanp pou lòt moun.

Devlopman San Depandans.

Ki sa ki fè Rasin diferan?

Oganizasyon non-gouvènmantal (ONG) oswa òganizasyon san bi likratif yo ki egziste pou bay kominote ki nan bezwen èd. Menmlè li itil pafwa, twò souvan fason òganizasyon yo bay èd rann kominote sa yo depann sou direktiv ak lidèchip deyò. Dinamik depandans sa a anpeche pwopriyete lokal sou efò devlopman epi li mete an danje dirabilite efò sa yo.

Rasin Devlopman ede kominote yo ranfòse konpetans yo epi jwenn resous yo bezwen pou dirije epi jere pwòp devlopman yo.

Apwòch Nou

Istwa Nou

Rasin Devlopman te fonde an 2017 pou fè travay patnè ameriken Rasin lan – Roots of Development – pi lokal e pi dirab. Aprè prèske 10 lane apiye aktivite devlopman kominotè nan 3èm seksyon kominal La Gonâve (Gran Sous), Roots of Development remèt lidèchip pwogram li yo an Ayiti nan Rasin Devlopman. Rasin, avèk anplwaye li yo ki antyèman ayisyen, te mete biwo li nan Anse-à-Galets, pi gwo vil La Gonâve, e li te kòmanse travay avèk lidè lokal yo epi otorite eli yo nan tout onz (11) seksyon kominal yo epi sipòte efò devlopman kominote atravè zile a.

Fè Konesans Ekip la