Yon Gwo Rezo Lidè nan La Gonâve
Rasin Devlopman konstwi yon rezo aktif ak lidè nou fè konfyans nan tout zile a k ap travay ansanm pou adrese bezwen La Gonâve yo. Rasin konnen epi travay avèk pifò nan ofisyèl eli sou zile yo a epi reyini lidè yo sou zile a ansanm regilyèman pou fè echanj lide epi jwenn solisyon pou pwoblèm y ap fè fas nan kominote yo a.
LIDÈ KOMINOTÈ OTORITE LOKAL
OFISYÈ ELI GWOUP FANM



SEKSYON KOMINAL
LIDÈ ANGAJE
REZIDAN KI ENPAKTE
Pi Fò Lidèchip ak Plis Kapasite Lokal
Atelye ak fòmasyon Rasin Devlopman ap ranfòse lidèchip epi kapasite jesyon lidè La Gonâve yo. Kapasite sa a ap pèmèt plis kominote vin òganize, yon pi bon konpreyansyon sou devlopman kominote, epi yon ogmantasyon nan kantite inisyativ devlopman k ap enplemante sou zile a.
DIRIJANS AK ANGAJMAN
SIVIK
DEVLOPMAN
DIRAB
KONSEPSYON PWOJÈ AK JESYON PWOJÈ
JESYON
FINANSYE
28+ Pwojè ki Dirije Grasa Kominote nan La Gonâve
Efò Rasin Devlopman sou La Gonâve mennen divès kantite pwojè ki demare sou zile a chak ane. Pwojè yo pa sèlman bay lidè yo yon opòtinite pou pratike ladrès lidèchip ak ladrès jesyon pwojè yo, men yo amelyore kalite lavi sou zile a dirèkteman.
WOUT PAVAJ & LÒT ENFRASTRIKTI
ENÈJI SOLÈ &
EKLERAJ
DISTRIBISYON GRENN & JADEN KOMINOTÈ
NETWAYAJ FATRA &
RESIKLAJ
EVÈNMAN KOMINOTÈ: KILTIRÈL & SPÒ
SOULAJMAN IJANS & DISTRIBISYON ÈD
Nouvo Patenarya Pou Zile A
Rasin Devlopman ap pote nouvo patnè nan La Gonâve pou ede ogmante opòtinite ak divèsifye efò devlopman kap fèt sou zile a.
PADF
Fondasyon Devlopman Panameriken an te travay ak komin Anse-a-Galets pou devlope premye Plan Devlopman Kominal li (PDC).
The New School
The New School (Parsons School of Design) te travay ak biwo majistra e plizyè kominote sou zile a pou enstale sistèm ekleraj solè.
CLE Haiti
CLE Haiti te bay atelye ak fòmasyon, epi li te ede finanse divès inisyativ devlopman ki dirije grasa kominote a sou zile a.
ECSSA (4ocean)
ECSSA, ak patnè li 4ocean, etabli yon sant koleksyon plastik sou La Gonâve pou retire epi resikle dechè plastik.
Kapasite pou Prepare pou/Fè Fas ak Ijans yo
Avèk Rasin Devlopman ki baze nan La Gonâve ak gwo rezo lidè li a, òganizasyon an kapab mobilize byen vit resous lokal yo epi bay èd ijans.
COVID-19 sou La Gonâve
Nan 2020, Rasin Devlopman te ede anpeche koronavirus gaye sou zile a nan enstale 90 estasyon lave men epi distribye plis pase 2,000 mask ki kapab itilize plizye fwa.
Rasin te ede finanse yon sant COVID-19 pou resevwa ak trete rezidan malad epi li te òganize pentire 9 penti miral pèmanan ki vize konfwonte stigma ki gen rapò ak viris la epi ankouraje bon pratik ijyèn.